top of page
Pillars of Justice

Junie Lamour Law, PLLC se yon kabinè avoka ki espesyalize nan sa ki gen pou wè ak koze imigrasyon epi ki bay bon jan konsèy jiridik an fonksyon de chak ka. Nou konnen ke pwoblèm imigrasyon kapab difisil epi kapab bay tou gwo pwoblèm emosyonèl, se poutèt sa ke ekip nou an pran angajman pou li kapab bay bon jan asistans ak moun, ak fanmi epi antrepriz ki ap chache reyalize objektif yo nan sa ki gen pou wè ak koze imigrasyon.

Konsènan Kabinè a

Junie Lamour se fondatè epi direktris asosye Junie Lamour Law, PLLC, ki se yon kabinè avoka ki spesyalize nan sa ki gen pou wè ak koze imigrasyon e ki bay sèvis nan tout peyi a. Junie konsakre karyè li nan bay bon jan konsèy jiridik epi li ede fanmi yo monte pwoblèm ki gen pou wè ak koze imigrasyon. Li te reprezante kliyan li yo ak siksè devan sèvis sitwayènte ak imigrasyon Etazini (USCIS) epi Tribinal Imigrasyon nan divès zafè tankou petisyon ki baze sou fanmi, Ajisteman Estati, VAWA, Egzanpsyon, Azil, Sitwayènte, Natiralizasyon, Pwosesis Konsila, Apèl ak Defans pou retire.


Junie Lamour te fèt epi grandi Pòtoprens, Ayiti. Lè li te genyen 17 lane, li menm ak fanmi li te kite Ayiti pou li te ka ale viv rèv Ameriken an. Li te gradye Cum Laude nan Florida International University (FIU) epi li te fè yon lisans nan sa ki gen pou wè ak Arts nan Syans Politik. Li te fè yon Doktora nan sa ki gen pou wè ak Jiris nan Nova Southeastern University Shepard Broad College of Law. Pandan tan ke li te pase nan lekòl Dwa, li te sèvi kòm Prezidan pou Òganizasyon Lwa Imigrasyon epi kòm Vis Prezidan nan Christian Legal Fellowship Society.

Junie Lamour

Li te yon manm nan Staff Junior nan ILSA Journal of International and Comparative Law. Li te fè entèn nan NSU Children and Families Law Clinic ak nan Catholic Legal Services Archdiocese of Miami kote li te ede kliyan endijan yo nan zafè fanmi ak imigrasyon. Pandan tan li te pase nan lekòl dwa, Junie Lamour te resevwa plizyè prim prestijye tankou Florida Bar Fellow Award ak Ovid and Clare Lewis Public Interest Fellowship, ki mete aksan sou devouman eksepsyonèl li e ki fè yon enpak pozitif nan kominote li a.

Antanke yon imigran li menm, Junie Lamour konprann obstak ak defi imigran yo rankontre chak jou, e li te travay avèk dilijans pou ede fanmi imigran yo reyalize rèv imigrasyon yo. Li gen yon etik travay solid epi li genyen senpati ak konpasyon nan entèraksyon li ak kliyan li yo. Junie Lamour pale Anglè, Kreyòl, Fransè ak Panyòl.

Photo of Junie Lamour
bottom of page